Règ Gramatikal



Gramè Kreyòl
Kijan nou ka ekri yon mo kreyòl?

Règ 1:
                Pou nou ekri tout mo kreyòl yo, nou bezwen 32 lèt. Men lèt yo :

a, an, b, ch, d, e, è, en, f, g, h, i, j, k, l, m, n, ng, o, ò, on, ou, oun, p, r, s, t, ui, v, w, y, z.
                Nou rele lis lèt sa yo alfabè.
                Nou gen  7 vwayèl bouch : a, e, è, i, o, ò, ou
                Nou gen 4 vwayèl bouch nen : an, en, on, oun.
               
                Nou kapab sèvi ak apostwòf pou remplase :
-          a nan pa : p’
-          ou nan nou : n’
-          o nan yo : y’
-          wen nan mwen : m’
-          e nan te : t’
-          i nan ki, li : k’, l’
-           
P’, n’ y’, m’, t’, l’ se mo tankou tout lòt mo yo, fòk nou kite yon tie spas anvan nou kòmanse eki mo ki vini aprè a.

 Règ 2:
Nou sèvi ak W devan O (o, ò, ou, on), nou pa sèvi ak R.
Egzanp : Zewo, kawo, wòch, wouj.
Nou sèvi ak R ak W devan tout lòt vwayèl yo.
Egzanp: Raje, remèd, diri,  wanganègès, kouri.

Règ 3:

Nou pa janm mete I ni divan ni dèyè yon vwayèl. Nou mete y nan plas yo.
Egzanp : Pye, fèy, keyi, peyi.

Règ 4 :

Nou sèvi ak W lè nou tande son OU devan oubyen dèyè yon vwayèl.
Egzanp : Watè, lafwa, bonswa, kaw.

Règ 5:

2 vwayèl pa janm kole an kreyòl, nou toujou separe yo ak yon Y, R oubyen yon W.
Egzanp : deyò, dawout, diri.

=====================================================================
=====================================================================
=====================================================================

Al fè pratik a règ sa yo... lòt mwa nap ba w lòt toujou.... 
Si w vle resevwa règ yo, ekri nou swa nan yon kòmantè, oubyen sou adrès sa,  kayekreyol@gmail.com 
ou ka jwenn yo plizyè fason, swa sou whatsapp oubyen lòt mwayen ou vle resevwa l, ou ap jis ekri nou epi nap ekri w nan mwens ke 2 jou....

Aucun commentaire:

Publier un commentaire